April 2011
Pwovèb Kreyòl
(via bigjean13)
Chiktay - Lapli Si Tòl
Nou Chak gen yon mizik depi nou tande li, nou ka jis fèmen je nou epi nou ka reviv yon tan oubyen yon evènman ki te pase w’. Pa egzanp fèrmen de je w’ epi chante yon mizik manifèstasyon… m’ap tann ou… apa ou w’ap souke tèt ou… “OEA, OEA lè m’grangou m’pa jwe (x2)” Ou konprann mwen konnyè-a…
Ok mizik sa fè m’sonje yon ti epòk nan vi pa m’, mwen te ka nan 7 a 8 an konsa… lapli ap tonbe, pòt la 3/4 ouvè, m’kanpe ap gade dlo k’ap sòt nan twil la tonbe sou pewon-an. solèy la preske rante dèyè mòn nan li vin bay yon koulè jòn abriko… Epi 4VKB (KB) lage ti mizik sa-a…
Mizik se *Time Machine* mwen.
—Timoza
![]()
![]()
![]()

Cheri mwen chita la pou plus ke one hour, ou nan panse’m, m’ap tann ou, mwen pa santi’m ka fè anyen ankò, fè vit, mwen vle’w konnyè-a.
—To my sleep…
timoza™
Mwen pa janm fè’w anyen pou mwen merite sa, mwen t’a dwe eksite, fache a yon pwen pou mwen al chèche kote ou ye pou’m fè’w esplikasyon… Men chak swa ou dòmi yon kote… Se machin mwen pa vre, ou konnen mwen renmen machin mwen anpil… Se la ou konnen ou ka blese’m… m’ soti deuyo a se sa ou fè machin mwen… M’ap di sa ak tout keu’m dijou mwen jwen avè’w se mwen ki konnen sa m’ap fè’w….
To the bird that shit on my car…